Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 2 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Egzòd 6:2-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 8:1-7

Jezi se granprèt nou

Pwen ki pi enpòtan nan tout sa n ap di nou la, se paske se kalite granprèt sa a nou genyen. Li chita nan plas donè a, adwat[a] twòn laglwa Bondye ki nan syèl la. L ap jwe wòl granprèt li nan Kote ki pi Sen[b] an, nan vrè Tabènak ki nan syèl la. Se Bondye menm ki fè sa, se pa lèzòm.

Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou. Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa. An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”[c] Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.

Si tout bagay te anfòm nèt ak premye akò a, dezyèm akò a pa t ap nesesè.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International