Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo
(Mat 15:1-20)
7 Farizyen yo ak kèk direktè Lalwa ki te vin soti Jerizalèm te antoure Jezi. 2 Yo wè kèk nan disip Jezi yo ki t ap manje san yo pa lave men yo, sa vle di men yo pa t lave nan fason Jwif yo te konn abitye fè sa. 3 Paske Farizyen yo ak tout lòt Jwif yo pa janm manje san yo pa lave men yo. Yo fè sa pou yo ka swiv koutim granmoun lontan yo. 4 Lè yo sot achte yon bagay nan mache, yo pa manje l si yo pa lave l. Epi gen anpil lòt tradisyon yo obsève, tankou lave gode, po ak veso an kuiv.[a]
5 Farizyen yo ak direktè Lalwa yo mande Jezi: Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo, okontrè y ap manje ak men yo san lave?”
6 Jezi di yo: “Bann ipokrit! Li parèt klè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:
Moun sa yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
men kè yo lwen mwen.
7 Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
paske se kòmandman pa yo y ap anseye.[b]
8 Nou mete kòmandman Bondye a kote epi n ap kenbe tradisyon lòm.”
Copyright © 2017 by Bible League International