Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pòl fè plan pou yon vwayaj
21 Apre bagay sa a, Pòl fè plan pou l monte Jerizalèm. Li te planifye pou l pase pa Masedwàn ak Lakayi anvan l pati pou ale Jerizalèm. Li te menm di tèt li: “Apre m fin vizite Jerizalèm, fò m vizite lavil Wòm tou.” 22 Pòl voye Timote ak Eras, de nan moun ki t ap ede l yo, ale Masedwàn, tandiske li menm li te rete pou yon ti tan ankò nan Lazi.
Manifestasyon nan Efèz
23 Pandan tan sa a, te vin gen gwo latwoublay nan Efèz konsènan Chemen Kris la. 24 Yon òfèv yo te rele Demetriyis te konn fè ti tanp an lajan sou menm modèl tanp yo te bati pou deyès yo te rele Atemis la. Demetriyis, ansanm ak bòs ki te konn travay ak li yo, yo te konn fè anpil lajan nan travay sa a.
25 Demetriyis rasanble tout bòs ki te avè l yo ansanm ak tout lòt moun ki te gen menm metye òfèv la tou, li di yo: “Mesye, nou konnen se travay sa n ap fè a ki fè nou fè lajan, pa vre? 26 Epoutan, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou tou kijan nonm yo rele Pòl la ap fè kanpay kont nou. L ap ankouraje foul la pou yo chanje relijyon yo. Se pa sèlman nan Efèz, men se nan tout rejyon Lazi a nèt l ap mache di dye moun fè ak men yo se pa Bondye yo ye vre. 27 Sa riske kraze repitasyon nou tout ki se òfèv, epi sa riske fè tanp Atemis la pèdi repitasyon l tou nan je pèp la. Menm Atemis, deyès tout moun nan Lazi ak tout moun ap adore a, ka rive pèdi repitasyon l tou.”
Copyright © 2017 by Bible League International