Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
43 Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.” 44 Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. 45 Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”
46 Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?”
Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”
47 Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”[a]
48 Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?”
Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.”
49 Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.”
50 Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.” 51 Epi Jezi kontinye pou l di: “Nou mèt kwè m lè m di nou gen pou nou wè syèl la louvri epi anj Bondye yo k ap monte desann[b] sou Pitit Lòm nan.”
Copyright © 2017 by Bible League International