Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
29 Pèp Izrayèl la te gen lafwa nan Bondye. Yo te travèse Lanmè Wouj kòmsi se nan tè sèk yo t ap mache. Men lè Ejipsyen yo te eseye fè menm jan an, yo tout te nwaye.
30 Se lafwa nan Bondye ki te lage miray Jeriko yo atè, apre pèp Izrayèl la te fè laviwonn vil la pandan sèt jou.
31 Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo.
32 Ki lòt egzanp pou m ta bay ankò? Mwen pa gen ase tan pou m pale de Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl, ak tout lòt pwofèt yo. 33 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, konsa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon. 34 Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo. 35 Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon. 36 Genyen yo te pase nan betiz, yo bat yo. Gen lòt yo anchene lage nan prizon. 37 Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo. 38 Lemonn pa t merite yo, yo te twò swa pou lemonn. Yo te tankou refijye ki san plas nan tout dezè, nan tout mòn. Yo te viv nan gwòt ak nan tou wòch.
39 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Men yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. 40 Bondye planifye yon pi bon bagay pou nou. Bondye pa t vle fè yo rive nan nivo pèfeksyon an san nou menm.
Nou dwe swiv egzanp Jezi
12 Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. 2 Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan finisman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.
Copyright © 2017 by Bible League International