Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Mande Bondye sa w gen bezwen
(Mat 7:7-11)
5 Apre sa, Jezi di yo: “Sipoze youn nan pami nou la a ta al kote yon zanmi l nan mitan lannuit, ou di l: prete m twa pen, 6 paske m gen yon zanmi ki fèk rive lakay mwen la a soti an vwayaj epi m pa gen anyen pou m ta ba l manje. 7 Epi pou zanmi an ta reponn ou: Monchè, kite m repo tande. Pòt mwen gentan fèmen, timoun mwen yo gentan kouche. Èske m ka nan leve la a ankò pou ba w anyen la a. M regrèt sa. 8 M ap di nou sa: menmsi li pa ta vle leve pou ba w pen sèlman paske li se zanmi w, si ou pèsiste, ou kontinye frape nan pòt la, zanmi an ap leve pou ba w tout sa ou gen bezwen. 9 Se sa k fè m ap di nou: Mande, epi Bondye ap ban nou. Chèche, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou. 10 Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li. 11 Kilès nan tout papa yo ki la a, si pitit gason w ta mande w yon pwason, k ap ba li yon koulèv si l mande yon pwason? 12 Oubyen si l ta mande w yon ze, ou t ap ba l yon eskòpyon alaplas ze li mande w la? Ou pa t ap fè sa. 13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”
Copyright © 2017 by Bible League International