Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
80 ¶ (80:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (80:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
2 (80:3) Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.
3 (80:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
4 (80:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?
5 (80:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.
6 (80:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
7 (80:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
17 (80:18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!
18 (80:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou!
19 (80:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!
2 ¶ Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.
2 Yo anvi yon jaden, yo pran l'. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l'. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l'. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.
3 Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou.
4 Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.
5 Konsa, lè lè a va rive, tout moun va sanble pou yo renmèt tè a bay pèp Bondye a. Ou p'ap jwenn pèsonn kanpe pou reklame yon pòsyon pou ou.
6 ¶ Moun yo ap plede di m': Sispann pale konsa! Ou pa fèt pou di bagay konsa. Sa w'ap di a p'ap janm rive.
7 Nou menm, pitit Jakòb yo, Seyè a gen lè pèdi pasyans ak nou? Eske nou kwè l'a fè tout bagay sa yo vre? Eske pawòl li se pa bon pawòl pou moun k'ap mache dwat yo?
8 Seyè a reponn: Nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou te lènmi yo. Moun ap mache kè pòpòz san okenn lide chache moun kont, men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad ki sou yo.
9 Medam yo t'ap viv ak kè kontan lakay yo. Nou vini, nou mete yo deyò. Timoun yo t'ap jwi benediksyon mwen ba yo. Nou vini, nou wete tou sa nèt nan men yo.
10 Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l' nèt.
11 Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.
12 ¶ Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.
13 Bondye ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib soti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Seyè a ki va mache alatèt yo.
15 Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)
16 Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn.
17 Moun ki va sou tèt kay yo, yo p'ap bezwen antre pran zafè yo nan kay la.
18 Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj.
19 Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo.
20 Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n' kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba.
21 Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.
22 Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
23 Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li.
24 Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
25 Mwen di nou sa davans.
26 Se pou si yo di nou: Gade, men l' nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l' kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo.
27 Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini.
28 Kote kadav la va ye a, se la votou yo va sanble.
29 Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble.
30 Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
31 Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.