Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 119:97-104

97 ¶ Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.

98 ¶ Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.

99 Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.

100 Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.

101 ¶ Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

102 ¶ Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.

103 ¶ Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.

104 Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

Resansman 11:1-9

11 ¶ Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.

Pèp la rele Moyiz vin delivre yo. Moyiz lapriyè Seyè a pou yo epi dife a sispann.

Se konsa yo rele kote yo te ye a Tabera, paske se la dife Seyè a te pran nan mitan yo a.

¶ Bann moun lòt nasyon ki te la nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: -Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulye a?

Jan nou te konn manje pwason pou gremesi nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon ti konkonm, melon dlo, powo, zonyon, ak lay nou te konn manje!

Men koulye a, se deperi n'ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase laman lan ki devan je nou tout tan!

Laman lan te gen fòm grenn pitimi, li te blan epi ou ta di se gonm arabik.

Pèp la ale toupatou, li ranmase yo. Apre sa, oubyen li te pase yo nan moulen wòch, oubyen li te pile yo nan pilon pou fè farin. Lèfini, yo kwit li nan chodyè, yo fè gato plat avè l'. Li te gen menm gou avèk pen ki fèt ak lwil oliv.

Se lannwit laman lan te konn tonbe nan kan an, menm lè ak lawouze.

Ròm 16:17-20

17 ¶ M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.

18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

19 Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal.

20 Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.