Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
105 ¶ Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!
2 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!
3 Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!
4 Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.
5 -(we vèsè pwochen)
6 Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!
23 Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.
24 Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.
25 ¶ Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.
26 Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.
45 pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a!
4 ¶ Moyiz reponn li: -Men, moun yo ka refize kwè m', yo ka pa koute sa m' gen pou m' di yo a. Yo ka di m' se pa vre, Seyè a pa t' kras parèt devan mwen.
2 Seyè a mande l': -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton.
3 Seyè a di l': -Jete l' atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri.
4 Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l', li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz.
5 Seyè a di: -Men sa w'a fè pou yo ka kwè Seyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.
6 Seyè a di l' ankò: -Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l', men l' te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp.
7 Seyè a di l': -Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li ankò. Lè li wete l', men li te menm koulè ak rès kò li.
8 Seyè a di Moyiz: -Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a.
9 Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l' atè. Lamenm, dlo a va tounen san.
14 ¶ Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv.
15 Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.
16 Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.
17 Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.