Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 124

124 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.

Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,

yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.

Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.

Wi, lavalas ta pote nou ale.

¶ Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.

Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.

Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Jenèz 50:15-26

15 ¶ Apre lanmò papa yo, frè Jozèf yo di: -Ou pa janm konnen. Jozèf ka kenbe nou nan kè, li ka fè nou peye tout sa nou te fè l' yo.

16 Se konsa yo voye di Jozèf: -Men komisyon papa te ban nou pou ou anvan l' te mouri:

17 Men sa n'a di Jozèf pou mwen: Tanpri, padonnen krim frè ou yo te fè ou la. Padonnen peche yo paske yo te fè ou mal anpil. Koulye a atò, tanpri, padonnen mal nou te fè ou la, nou menm k'ap sèvi Bondye papa ou la. Lè Jozèf tande pawòl sa a, li pran kriye.

18 Apre sa, frè l' yo vini yo menm menm, yo bese tèt yo jouk atè devan li, yo di l' konsa: -Men nou pote tèt nou pou nou sèvi ou domestik.

19 Jozèf di yo: -Nou pa bezwen pè. Mwen pa kapab pran plas Bondye.

20 Nou te moute konplo pou fè m' mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen, pou l' te fè sak rive jòdi a rive, pou l' te ka sove lavi tout kantite moun sa yo.

21 Non. Nou pa bezwen pè. M'ap okipe nou, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Se konsa, Jozèf te pale byen ak frè l' yo, li te di yo pawòl ki te touche kè yo, li remoute kouraj yo.

22 ¶ Jozèf te rete nan peyi Lejip ak tout fanmi papa l' yo. Li te gen sandizan (110 an) lè l' mouri.

23 Li te gen tan wè pitit ak pitit pitit Efrayim. Se nan men l' pitit Maki yo te fèt. Maki sa a te pitit Manase.

24 Li di frè l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.

25 Apre sa, Jozèf fè pitit Izrayèl yo sèmante ba li, li di yo: -Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, tanpri, pote zosman m' yo moute ak nou.

26 Lè Jozèf mouri li te gen sandizan (110 an). Yo benyen kadav la, yo pare l' pou l' pa pouri. Yo mete l' nan yon sèkèy byen fèmen nan peyi Lejip.

Matye 16:5-12

¶ Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen.

Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo.

Disip yo yonn t'ap di lòt: Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa.

Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!

Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale?

10 Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa?

11 Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo?

12 Se lè sa a disip yo konprann li pa t' di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun.