Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
29 ¶ Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
2 Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
3 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
4 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!
5 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
7 Vwa Seyè a fè zèklè.
8 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
9 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
10 Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
11 Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.
13 ¶ Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.
14 Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.
15 Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.
16 Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi,
17 Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.
18 Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'.
19 ¶ Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?
20 Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?
21 Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.
22 Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.
23 Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.
24 Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas.
25 Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.
4 Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.
5 Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n'ap sèvi.
6 Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt.
7 Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun.
8 Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans.
9 Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad.
10 Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di.
11 Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.
12 ¶ Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.
13 Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.