Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 93

93 ¶ Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.

Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.

Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.

Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.

Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.

Jenèz 9:8-17

¶ Bondye pale ankò ak Noe ansanm ak pitit li yo, li di yo:

-Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo.

10 M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tout sa ki soti nan batiman an pou peple sou latè ankò.

11 Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m' pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.

12 ¶ Bondye di ankò-Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li.

13 M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.

14 Chak fwa m'a fè nwaj yo konmanse sanble, lakansyèl la va parèt nan syèl la.

15 Lè sa a, m'a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. p'ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè.

16 Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè.

17 Sa se siy kontra mwen pase ak tout moun ansanm ak tout bèt k'ap viv sou latè. Se konsa Bondye te pale ak Noe.

Travay 27:39-44

39 Lè solèy leve, marin yo pa t' rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la.

40 Yo demare lank yo, yo lage yo nan lanmè. Yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay la. Yo moute fòk la pou van an pouse batiman an tou dwat devan yo. Yo mete k'ap sou plaj la.

41 Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li.

42 Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pa t' naje sove.

43 Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y' al atè.

44 Lòt moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.