Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
102 ¶ (102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.
2 (102:3) Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.
3 (102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.
4 (102:5) Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.
5 (102:6) Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.
6 (102:7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.
7 (102:8) Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.
8 (102:9) Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman.
9 (102:10) Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.
10 (102:11) Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen.
11 (102:12) Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.
12 ¶ (102:13) Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!
13 (102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
14 (102:15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.
15 (102:16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.
16 (102:17) Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.
17 (102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.
13 ¶ Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!
14 Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.
15 Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
16 Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
17 L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.
18 Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
31 ¶ Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
32 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.
33 Yo di li: Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pesonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou?
34 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye.
35 Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan.
36 Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.
37 Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.
38 ¶ M'ap di nou sa Papa m' moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè.