Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
9 ¶ (31:10) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.
10 (31:11) Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
11 (31:12) Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen.
12 (31:13) Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.
13 (31:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'.
14 (31:15) Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.
15 (31:16) Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo.
16 (31:17) Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'.
55 ¶ Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!
56 Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.
57 Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè!
58 Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.
59 Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen.
60 Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'.
61 Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'.
62 Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan.
63 Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'!
64 Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.
65 Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!
66 Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!
32 ¶ Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li kòmanse di yo sa ki te gen pou rive li.
33 Li di yo: -Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo.
34 Moun lòt nasyon sa yo va pase m' nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.