Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 40:1-11

40 ¶ (40:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (40:2) Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele.

(40:3) Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò.

(40:4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.

(40:5) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo!

(40:6) Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.

¶ (40:7) Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.

(40:8) Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la.

(40:9) Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m'

(40:10) Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.

10 (40:11) Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.

11 ¶ (40:12) Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'.

1 Wa 19:19-21

19 ¶ Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l'. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l' sou Elize.

20 Menm lè a, Elize kite bèf li yo, li kouri dèyè Eli. Li di l' konsa: -Kite m' al di manman m' ak papa m' orevwa anvan. Apre sa m'a swiv ou. Eli reponn li: -Ou mèt tounen tounen ou. M' pa rete ou, mwen menm! Kisa m' fè ou la a?

21 Elize kite Eli, li tounen tounen l', li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l' yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l'.

Lik 5:1-11

¶ Yon jou, Jezi te bò kote letan Jenezarèt la; yon foul moun t'ap kwense l' toupatou pou tande pawòl Bondye a.

Li wè de kannòt bò rivaj la; pechè yo te desann atè, yo t'ap lave senn yo.

Jezi moute nan yonn nan kannòt yo ki te pou Simon. Li mande l' pou l' vanse yon ti kras nan fon. Antan Jezi chita nan kannòt la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.

Lè li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannòt la plis nan fon; jete senn ou pou peche.

Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan.

Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire.

Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini; de kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule.

Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.

Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran.

10 Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: Pa pè. Depi koulye a se moun ou pral peche.

11 Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y' ale avèk Jezi.