Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 126

126 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!

Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

¶ Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

Ezayi 43:8-15

¶ Seyè a di ankò: -Fè pèp la konparèt devan m'. Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè. Yo gen zòrèy men yo pa tande.

Rele tout nasyon yo, fè yo tout reyini ansanm. Fè yo sanble nan tribinal la. Kilès nan bondye moun sa yo ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè nou konnen bagay k'ap rive koulye a? Fè bondye sa yo vini ak temwen ki pou kanpe pale pou yo. Lè y'a tande yo, y'a ba yo rezon!

10 Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.

11 Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!

12 Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen ankenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Seyè a menm ki di sa.

13 M' pa janm chanje. Pesonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè?

14 ¶ Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.

15 Se mwen menm Seyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou!

Filip 2:25-3:1

25 Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m', ki te la avè m' nan tout batay. Se nou menm ki te voye l' vin ban m' konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m' voye l' tounen ban nou.

26 Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l' te malad.

27 Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pa t' ban mwen plis lapenn ankò.

28 Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l' ankò, epi pou m' ka gen mwens lapenn.

29 Konsa, resevwa l' ak kè kontan tankou yon frè nan Seyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit,

30 paske li te prèt pou mouri pou travay Kris la, li riske lavi l' pou l' te ka ban mwen konkou nou menm nou pa t' kapab ban mwen.

¶ Koulye a, frè m' yo, fè kè nou kontan nan Seyè a. Pou mwen, sa pa fè m' anyen pou m' repete sa m' te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou.