Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
4 ¶ Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
5 -Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.
6 Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.
7 Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.
8 Ou pa bezwen pè pesonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou. Se mwen menm Seyè a ki di ou sa.
9 Apre sa, Seyè a lonje men l', li manyen bouch mwen. Epi li di m': -Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.
10 Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.
71 ¶ Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont!
2 Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou!
3 Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen.
4 Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo.
5 Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason.
6 Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.
13 ¶ Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen.
2 Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen.
3 Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen.
4 ¶ Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy.
5 Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè.
6 Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre.
7 Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans.
8 ¶ renmen pa janm fini. Pouvwa pou bay mesaj ki soti nan men Bondye a pa la pou tout tan. Pouvwa pou pale langaj gen pou fini yon lè, konesans gen pou disparèt.
9 Paske, sa nou konnen, nou pa fin konnen l' nèt. Ata mesaj ki soti nan Bondye yo, nou pa fin bay yo nèt.
10 Men, lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou l' disparèt.
11 Lè m' te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, koulye a mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè.
12 Konsa tou, sa nou wè koulye a, se tankou yon pòtre n'ap gade yon jan twoub twoub nan yon glas. Men, pita nou pral wè fasafas. Koulye a nou pa fin konn tout bagay. Men, pita n'a konnen nèt ale menm jan Bondye konnen nou an.
13 Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.
21 Lè sa a li kòmanse di yo: Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre.
22 Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap soti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: Se pa pitit Jozèf la sa?
23 Jezi di yo: Koulye a, nou pral di pwovèb sa a sou mwen: Dòktè, geri tèt ou. N'a di m' tou: Nou tande tou sa ou te fè lavil Kapènawòm; fè yo isit la tou, nan peyi pa ou la.
24 Epi li di yo ankò: Men, sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yo pa janm resevwa yon pwofèt byen nan pwòp peyi li.
25 Se vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pa t' tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la.
26 Men, Bondye pa t' voye Eli lakay yo yonn menm; se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li.
27 Konsa tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pa t' jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri.
28 Tout moun nan sinagòg la te byen ankòlè lè yo tande pawòl sa yo.
29 Yo leve, yo trennen l' andeyò lavil la; yo mennen l' sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l' anba nan falèz la.
30 Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li.