Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 22:1-15

22 ¶ (22:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (22:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?

(22:3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.

(22:4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.

(22:5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.

(22:6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa.

(22:7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.

(22:8) Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.

(22:9) Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?

(22:10) Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.

10 (22:11) Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.

11 ¶ (22:12) Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'.

12 (22:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.

13 (22:14) Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.

14 (22:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.

15 (22:16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.

Jòb 17

17 ¶ Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.

Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi.

Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.

Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.

Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.

Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'!

Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!

Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.

Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.

10 ¶ Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.

11 Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.

12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.

13 Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'.

14 Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.

15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?

16 Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?

Ebre 3:7-19

¶ Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,

pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l', lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.

Lè sa a, zansèt nou yo te tante m', yo te sonde m' atout yo te deja wè tou sa m' t'ap fè depi karantan.

10 Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m' yo.

11 Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.

12 Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.

13 Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.

14 Paske, nou se moun k'ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fèm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba.

15 Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.

16 Kilès sa yo ki te tande vwa Bondye men ki apre sa te chache kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip la.

17 Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.

18 Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.

19 Nou wè vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.