Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
19 N ap sibi soufrans nou pa merite epi se paske nou vle rete fidèl pou Bondye. Si se konsa, se yon bon bagay. 20 Si yo pini nou pou move bagay nou fè, alò pa gen rezon pou yo felisite nou. Men si nou soufri ak pasyans pou bon bagay nou fè, sa ap fè Bondye plezi. 21 Se pou bagay sa yo menm Bondye te rele nou, paske Kris la li menm, li te soufri pou nou. Konsa, li ban nou yon egzanp pou nou swiv:
22 “Li pa janm peche
epi li pa janm bay manti.”(A)
23 Yo te joure l, men li pa t reponn. Li te soufri, men li pa t fè pèsonn menas. Li te lage koz li nan men Bondye ki jije san patipri. 24 Kris “te pote peche nou yo”(B) nan kò li sou lakwa. Se poutèt sa nou fin viv pou peche epi nou ka mennen yon vi ki fè Bondye plezi. “Paske blesi li yo geri nou”.(C) 25 Nou te tankou “mouton ki pèdi wout nou”.(D) Men kounye a, nou retounen vin jwenn Gadò nou an, sila a k ap veye sou lavi nou an.
Copyright © 2017 by Bible League International