Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '2 Samyèl 18:5-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Samyèl 18:15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Samyèl 18:31-33' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 130 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 4:25-5:2

25 Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,”[a] paske nou tout se manm nan menm kò a. 26 “Si nou ta an kòlè, pa kite kòlè a fè nou peche,”[b] epi pa rete an kòlè tout jounen an jis pou n ta al dòmi konsa. 27 Piga nou bay Satan chans ditou pou l pran avantaj sou nou. 28 Moun ki gen abitid vòlè dwe sispann vòlè. Okontrè, se pou l travay di ak men l, pou l ka gen resous pou l pataje ak lòt moun ki nan bezwen.

29 Lè n ap pale, piga nou janm di anyen pou fè moun mal, okontrè, se pou nou di bon bagay k ap ede moun grandi, pawòl ki vrèman beni nanm moun k ap tande nou yo. 30 Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive. 31 Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis. 32 Okontrè se pou nou bon youn anvè lòt, pou nou gen konpasyon youn pou lòt. Se pou nou padone youn lòt, menm jan Bondye padone nou nan Kris.

Se poutèt sa, nou menm, pitit Bondye, nou pran egzanp sou Bondye ki renmen nou anpil. An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.

Jan 6:35

35 Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò.

Jan 6:41-51

41 Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.” 42 Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”

43 Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!” 44 Se Papa Bondye ki voye m, pa gen yon moun Papa a pa voye ban mwen ki kapab vin jwenn mwen. M ap resisite yo nan dènye jou a. 45 Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.”[a] Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen. 46 Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a.

47 Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl. 48 Mwen se pen ki bay lavi a. 49 Zansèt nou yo te manje lamàn Bondye te ba yo nan dezè a, men sa pa t anpeche yo mouri. 50 Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv. 51 Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, konsa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International