Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '2 Samyèl 5:1-5' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Samyèl 5:9-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 48 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 12:2-10

Mwen konnen yon kretyen[a] ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase. 3-4 Wi, mwen konnen nonm sa a te rive jis nan paradi. Mwen pa konnen si se nan kò li oubyen si se san kò li. Men gen bagay li tande li pa menm ka eksplike, ni li pa gen dwa repete. Mwen te ka vante konsènan sa nonm sa a te viv la, men mwen p ap vante tèt mwen. Silfo pou m ta vante m, mwen t ap pito pale de feblès mwen yo.

Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.

Wi, Senyè a fè m konnen bagay ekstraòdinè ki te ka fè m anfle ak ògèy. Pou evite sa, mwen te tou resevwa yon pwoblèm nan kò m k ap fè m soufri. Se tankou yon anj Satan voye antre nan kò m pou fè m soufri epi fè m sonje mwen pa pi bon pase okenn lòt moun. Pandan twa fwa mwen priye Senyè a pou l delivre m anba pwoblèm sa a. Men repons li ban mwen: “Gras mwen sifi pou ou. Se sèlman lè ou fèb puisans mwen akonpli tout bagay pou kont li.” Donk, mwen prefere vante tèt mwen pou feblès mwen yo. Konsa puisans Kris la va rete nan mwen. 10 Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.

Mak 6:1-13

Jezi ale nan vil kote l te grandi

(Mat 13:53-58; Lik 4:16-30)

Jezi kite zòn nan epi li retounen nan vil kote l te leve a. Disip li yo te ale avèk li tou. Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?” Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”

Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve a, zanmi l ak moun nan fanmi li.” Jezi pa t ka fè mirak nan rejyon sa a, eksepte de twa moun malad li mete men sou yo epi li geri yo. Jezi te sezi poutèt moun yo te enkredil. Alò l al anseye nan lòt vilaj yo.

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

(Mat 10:1,5-15; Lik 9:1-6)

Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri. Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan. Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.” 10 Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan. 11 Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”

12 Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti. 13 Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International