Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 133 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Danyèl 1 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 2:42-47

Kwayan yo pataje byen yo

42 Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje[a] ansanm epi yo te lapriyè ansanm. 43 Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye. 44 Tout kwayan yo te rete ansanm yon sèl kote, epi yo te pataje tout sa yo te genyen ansanm tou. 45 Ye te vann tè yo ak lòt byen yo te genyen epi yo pataje lajan an ant yo tout, selon bezwen chak moun. 46 Chak jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen bay tout moun kay an kay, epi yo te konn manje ansanm ak anpil kè kontan nan yon espri imilite. 47 Yo t ap fè lwanj pou Bondye. Tout pèp la te renmen yo. Chak jou Senyè a t ap ajoute moun li t ap delivre yo sou gwoup moun ki te la yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International