Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 119:9-16' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Aje 2:1-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Aje 2:20-23' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 12:34-50

34 Foul la te reponn li: “Nou etidye nan Lalwa, lè Kris la vini l ap viv pou tout tan, kijan ou fè di fòk Pitit Lòm nan leve anwo latè a?[a] Ki moun Pitit Lòm nan ye?”

35 Jezi di yo: “Limyè[b] a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale. 36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, konsa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale konsa ak yo, li pati l al kache.

Kèk Jwif derefize kwè Jezi

37 Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li 38 pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:

“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?
    Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”[c]

39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:

40 “Li fè yo avèg
    epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
    pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
    pou m ta geri yo.”[d]

41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.

42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. 43 Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.

Ansèyman Jezi a gen pou jije lèzòm

44 Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè. 45 Moun ki wè mwen wè moun ki voye m nan. 46 Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.

47 Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn. 48 Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a. 49 Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di. 50 Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International