Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pyè pale ak foul la
14 Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò. 15 Moun sa yo pa sou, jan nou panse a, se nevè dimaten li ye sèlman. 16 Pwofèt Jowèl te gentan ekri konsènan sa nou wè k ap pase a deja. Men sa li te ekri:
17 Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive:
M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè.
Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize.
Jenn gason nou yo va fè vizyon.
Granmoun nou yo va fè rèv.
18 Nan dènye tan yo, m ap vide Lespri m
sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo
epi yo tout ap pwofetize.
19 Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la,
ak gwo mirak anba sou latè.
Va gen san, dife ansanm ak gwo nyaj lafimen.
20 Solèy la pral vin tou nwa.
Lalin nan pral vin wouj tankou san
anvan jou Senyè va rive.
Se yon gwo jou,
yon jou gloriye jou sa va ye.
21 Lè sa a, nenpòt moun ki va mete konfyans li
nan Senyè a[a] va sove.[b]
22 Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen. 23 Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. 24 Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l.
Copyright © 2017 by Bible League International