Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
5 Menm jan an tou, Kris la pa t chwazi pou l te pran onè pou l vin granprèt. Men se Bondye li menm ki te chwazi l, lè l di:
“Ou se Pitit mwen.
Mwen se Papa w apati de jodi a.”[a]
6 Nan yon lòt pasaj Bondye di l:
“Ou se sakrifikatè pou letènite
nan menm liy ak Mèlkisedèk.”[b]
7 Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye. 8 Jezi se Pitit Bondye, men li te soufri kanmenm epi li te aprann obeyi kèlkeswa sa Bondye di, nan mitan soufrans li yo. 9 Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan. 10 Wi, Bondye etabli Jezi granprèt nan menm liy ak Mèlkisedèk.
Jezi ap pale sou lanmò ak lavi
20 Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la. 21 Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.” 22 Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm.
23 Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li. 24 An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil. 25 Moun ki renmen lavi l ap pèdi l, men moun ki bay lavi l pou lemonn, moun sa a va konsève lavi l pou letènite. 26 Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.
Jezi pale sou lanmò li
27 Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini. 28 Papa, fè wè glwa w non!”
Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”
29 Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l.
30 Jezi reponn epi li di: “Se pa pou mwen menm vwa sa a pale, se poutèt nou menm. 31 Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe. 32 Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo[a] tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.” 33 Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri.
Copyright © 2017 by Bible League International