Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 84 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Wa 6:1-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Wa 6:21-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 3:10-23

10 Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an. 11 Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon. 12 Gen moun ki sèvi ak lò, lajan, lòt materio yo fè bijou, bwa oswa pay pou bati sou fondasyon an. 13 Men travay tout moun gen pou parèt aklè nan jou jijman an. Nan jou sa ap gen yon gwo dife. Se dife sa a ki pral montre kalite travay tout moun. 14 Si kay yon moun te bati sou fondasyon an pase nan dife a san l pa boule, moun sa a ap resevwa yon salè pou travay li. 15 Men si kay la boule, l ap pèdi salè travay li. Moun nan ap sove. Men l ap tankou moun ki chape dejistès anba dife.

16 Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou? 17 Tanp Bondye a sen. Nou se tanp Bondye a. Si yon moun domaje tanp Bondye a, Bondye ap domaje l tou.

18 Pa bay tèt nou manti. Yon moun ki panse l saj nan je lèzòm dwe tounen moun fou pou l ka vin saj toutbon vre. 19 Mwen di sa paske sajès mond sa a se foli nan je Bondye. Sa Bib la deklare a klè: “Li pran moun saj yo nan pwòp pyèj yo.”[a] 20 Bib la deklare tou: “Senyè a konnen panse moun saj yo. Li konnen panse sa yo pa vo anyen.”[b] 21 Konsa nou pa bezwen ap vante lidè ki pami nou yo. 22 Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja. 23 Nou menm nou pou Kris la, epi Kris la pou Bondye.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International