Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 105:1-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 105:37-45' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 30:12-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 12:36-43

36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, konsa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale konsa ak yo, li pati l al kache.

Kèk Jwif derefize kwè Jezi

37 Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li 38 pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:

“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?
    Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”[a]

39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:

40 “Li fè yo avèg
    epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
    pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
    pou m ta geri yo.”[b]

41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.

42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. 43 Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International