Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Gen soufrans nan mennen yon vi ki dwat
8 Pou fini, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj. 9 Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou. 10 Bib la di:
“Si nou vle viv byen,
e si nou vle viv lontan sou latè,
evite pale moun mal,
evite bay manti.
11 Kouri pou sa ki mal epi fè sa ki byen.
Se pou l fè tout sa li kapab pou l viv an pè ak moun.
12 Paske Senyè a gen je li sou moun k ap fè sa ki byen,
li tou prèt pou l tande priyè yo.
Men li kont tout moun k ap fè sa ki mal.”[a]
13 Si n ap chache fè sa ki byen ak tout kè nou, ki lès moun ki pral fè nou mal? 14 Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”[b] 15 Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an. 16 Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.
17 Li pi bon pou n soufri nan fè sa ki byen pase pou n soufri nan fè sa ki mal. Wi, li pi bon paske se sa Bondye vle.
18 Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo.
Li menm ki te inosan,
li mouri pou koupab yo,
pou l mennen yo bay Bondye.
Moun yo te touye l,
men Sentespri Bondye a te resisite l.
Copyright © 2017 by Bible League International