Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 25:1-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 32 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 9:2-13

Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”

Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”[a]

Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa? Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

Nonm nan leve, l ale lakay li. Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.

Jezi rele Matye pou vin swiv li

(Mak 2:13-17; Lik 5:27-32)

Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”

10 Apre sa, Jezi ak disip li yo t al manje lakay Matye. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move repitasyon ki te la tou. 11 Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?”

12 Lè Jezi tande sa, li di: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun ki malad ki bezwen doktè. 13 Ale chache konprann sans Bib la ki di: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.[b] Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International