Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pòl al vizite Jak
17 Lè nou rive Jerizalèm, frè ak sè yo te resevwa nou avèk anpil jwa. 18 Nan demen, Pòl te pran nou tout avèk li pou n al lakay Jak. Tout lidè legliz yo te reyini kay Jak la tou. 19 Apre l fin salye yo, Pòl tonbe rakonte yo an detay tout sa Bondye fè pa mwayen ministè li nan mitan moun ki pa Jwif yo.
20 Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou. 21 Yo fè yo konnen ou anseye Jwif k ap viv pami moun lòt nasyon yo pou yo sispann obsève lalwa Moyiz la. Yo aprann ou di moun yo pou yo sispann sikonsi timoun yo epi pou yo sispann swiv lòt koutim yo tou.
22 Ki sa pou n ta fè la menm? Paske kwayan Jwif yo p ap pran tan pou yo konnen ou rive isit la. 23 Oke, n ap di w sa pou w fè: Gen kat mesye pami nou ki fè yon ve.[a]
24 Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon[b] y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo.[c] Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou.
25 Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo:
Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl.
Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo.
Egzante tout kalite peche seksyèl.”
Yo arete Pòl nan lakou Tanp lan
26 Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fini. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo.
Copyright © 2017 by Bible League International