Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
33 Lè lidè ki te nan Konsèy la tande pawòl sa yo, yo te tèlman fache jouk yo te rive pran desizyon pou yo te fini ak apot yo. 34 Konsa, youn nan manm Konsèy la leve kanpe. Se te yon farizyen yo te rele Gamalyèl. Nonm sa a se te yon pwofesè lalwa tou epi tout pèp la te respekte. Li mande pou yo fè apot yo fè yon ti soti pou yon ti moman pou l ka di sa l gen pou di a. 35 Gamalyèl di konsa: “Mesye frè m yo, fòk nou pran tèt nou byen wi, anvan nou fè sa nou gen entansyon fè ak mesye yo. 36 Nou sonje, pa twò lontan, yon nonm ki te rele Tedas ki te parèt ap pran pòz li se kichòy. Te gen katsan (400) moun ki te met tèt ansanm ak li. Men Tedas mouri epi gwoup la gaye. Mouvman an tou mouri mouri l tou. 37 Apre sa ankò, nan peryòd resansman an, te gen yon nonm ankò ki te rele Jida ki te parèt nan Galile. Li te gentan pran tèt yon bann moun ki te tonbe ap mache ak li. Men Jida mouri epi tout moun ki te avè l yo te gaye tou. 38 Se poutèt sa m ap mande nou pou n kite mesye sa yo anrepo. Nou pa bezwen mete men sou yo. Paske si sa y ap fè a se bagay lèzòm, li p ap rive lwen. L ap kraze poukont li. 39 Men, si sa y ap fè a soti nan Bondye, nou p ap ka kraze li. Fò n fè atansyon pou n pa tonbe nan goumen ak Bondye, paske nou pa ta vle sa. Tout manm konsèy la te dakò ak sa Gamalyèl te di a.”
40 Konsa, yo fè apot yo retounen antre. Yo fè ba t yo byen bat. Yo fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non Jezi. Apre sa, yo lage yo. 41 Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont konsa pou non Jezi. 42 Chak jou ki pase, Apot yo te nan Tanp lan epi yo te mache kay an kay tou. Yo pa t janm sispann anseye sa Bib la di epi preche Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.
Copyright © 2017 by Bible League International