Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
11 Machann toupatou sou latè ap kriye epi y ap pran dèy tou poutèt lavil la. Kounye a, pa gen pèsòn pou achte machandiz yo: 12 Lò, lajan, bèl wòch ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal swa, bèl twal wouj, tout kalite bwa ki santi bon anpil, tout kalite bagay yo fè ak ivwa, an bwa ki koute chè, bagay an bwonz, an fè ak an mab, 13 kanèl ak lòt epis, lami, lansan, diven, lwil doliv, farin frans ak ble, anpil bèf ak mouton, cheval ak cha pou moun monte, kò moun ak nanm moun. Machann yo pran kriye epi yo di:
14 “O Babilòn, bèl bagay yo,
sa ou te renmen yo vire do ba ou.
Tout richès ak bèlte fini pou ou.
Ou p ap janm jwenn yo ankò.”
15 Machann ki te vin rich nan fè komès nan vil sa a, yo kanpe byen lwen l. Laperèz ap tonbe sou yo poutèt gwo soufrans sa yo. Y ap kriye epi y ap pran dèy. 16 Y ap di:
“Ala rèd sa rèd, Gwo lavil la!
Li te konn abiye byen fen ak rad ki fèt ak twal ki koute chè;
li te abiye an mov wouj.
Li te plen lò sou li, wòch ki koute chè ak pèl!
17 Epi nan inèd tan sèlman
tout richès sa yo detwi!”
Tout kapitèn bato yo ki t ap vwayaje sou lanmè a, maren yo ak tout moun k ap fè lapèch kanpe byen lwen lavil Babilòn nan. 18 Yo t ap gade lafimen ki t ap leve soti nan dife a epi yo t ap di: “Pa t janm gen yon vil tankou vil sa a.” 19 Yo t ap voye pousyè sou tèt yo epi yo te pran dèy. Yo t ap di:
“Gade yon tray pou gwo lavil la!
Vil sa a te konn anrichi tout moun ki gen bato sou lanmè poutèt gwo richès li!
Epi men li kraze nèt nan inèd tan!
20 Se pou syèl la fè fèt poutèt sa!
Pèp ki apa pou Bondye a ansanm ak apot yo, pwofèt yo, se pou nou fè fèt!
Bondye pini l
poutèt sa l te konn fè nou.”
Copyright © 2017 by Bible League International