Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 86 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 9:27-10:8' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 6:14-7:1

Nou se Tanp Bondye vivan an

14 Pa fè ekip ak moun ki pa kwè nan Bondye. Byen ak mal pa ka viv ansanm. Limyè ak tenèb pa ka rete nan menm chanm. 15 Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la?[a] Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan? 16 Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye[b] vivan an. Se Bondye menm ki di l:

“Mwen pral rete ansanm avèk yo.
    Mwen pra l mache avèk yo.
Se mwen menm ki va Bondye yo
    epi se yo menm k ap pèp mwen.”[c]
17 “Se sa k fè pawòl Senyè a di:
Soti nan mitan yo.
    Separe w, retire kò w sou yo.
Pa touche anyen ki pa pwòp,
    epi m ap aksepte ou.”[d]
18 “M va yon papa pou ou
    ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen,
    se sa Senyè ki toupisan an di.”[e]

Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International