Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Samyèl 3:1-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 3:11-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 139:1-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 139:13-18' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 6:12-20

Kò nou se tanp Sentespri a

12 Gen moun ki di: “mwen lib, mwen fè sa m vle.” Men se pa tout sa m vle ki gen valè. Mwen lib pou m fè sa m vle, men mwen p ap kite anyen fè m tounen esklav. 13 Gen moun ki di “Manje se pou kò a epi kò a se pou manje.” Gen lòt moun ki di “Bondye ap detwi yo toulede!” Men mwen menm Pòl, mwen di nou “Kò a pa pou peche seksyèl.” Se pou Senyè li ye,[a] epi Senyè a se pou li. 14 Menm jan Bondye te sèvi ak puisans li pou l resisite Senyè a, se menm jan an tou li gen pou l resisite nou. 15 Èske nou pa konnen kò nou se manm nan kò Kris? Èske m ap pran yon pati nan kò Kris pou m fè l fè youn ak yon fi movèz vi. M pa kwè m ap janm fè sa! 16 Petèt se konnen nou pa konnen moun ki kouche ak yon fi movèz vi tounen yon sèl kò avèk li jan sa ekri nan Bib la: “Yo de a vin fè yon sèl kò.”[b] 17 Moun ki ini avèk Senyè a vin fè youn avèk li nan lespri.

18 Mwen di nou, evite peche seksyèl. Gen moun ki di “Peche se yon bagay ki konsènen kò a sèlman.” Gen lòt moun ki di “Moun ki ale lakay yon pwostitye se kont pwòp kò l li peche. 19 Èske nou pa konnen kò nou se tanp[c] Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou. 20 Bondye te peye gwo pri pou nou. An nou fè lwanj pou Bondye ak kò nou.”

Jan 1:43-51

43 Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.” 44 Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. 45 Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”

46 Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?”

Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”

47 Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”[a]

48 Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?”

Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.”

49 Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.”

50 Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.” 51 Epi Jezi kontinye pou l di: “Nou mèt kwè m lè m di nou gen pou nou wè syèl la louvri epi anj Bondye yo k ap monte desann[b] sou Pitit Lòm nan.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International