Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
2 Lè Jwif yo tande Pòl ap pale avèk yo nan lang Ebre, yo double silans lan, epi Pòl di yo:
3 “Mwen se yon Jwif, ki te fèt nan lavil Tas, nan peyi Silisi. Men se isit la menm, nan vil sa a mwen grandi. Se elèv Gamalyèl[a] mwen te ye. Se li menm ki te anseye m tout bagay konsènan lalwa zansèt nou yo. M te toujou gen anpil zèl pou sèvi Bondye, menm jan sa ye pou nou menm jodi a. 4 Mwen te pèsekite moun ki t ap swiv chemen Kris la. Gen ladan yo yo touye poutèt mwen menm. Mwen te konn mache arete fi kou gason pou mete yo nan prizon.
5 Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo.
Pòl rakonte istwa konvèsyon l
6 Men, te gen yon bagay ki te rive m sou wout pandan m t apral Damas la. Sanzatann konsa, bò midi, yon gwo limyè sot nan syèl la, li klere m toutotou. 7 M sot tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?
8 Mwen reponn: Ki lès ou ye Senyè? Epi li reponn mwen: Se mwen menm, Jezi, nonm Nazarèt la, w ap pèsekite a. 9 Moun ki t ap vwayaje avè m yo te wè limyè a, men yo pa t tande vwa ki t ap pale avè m nan.
10 Mwen reponn vwa a: Ki sa pou m fè Senyè? Senyè a reponn: Leve, antre nan vil Damas la. Lè w rive la, y a di w tout sa m gentan planifye pou ou, pou w fè. 11 M pa t ka wè anyen, paske gwo limyè a te rann mwen avèg. Se moun ki te avè m yo ki pran men m, yo kondui m antre nan vil Damas la.
12 Yon nonm yo te rele Ananyas[b] te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li. 13 Ananyas vin kote m, li di m: Sòl, frè m nan, se pou ou wè nan je w ankò! Lamenm, m te wè Ananyas.
14 Ananyas di m: Menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a, li te gentan chwazi w depi lontan pou fè w konnen volonte l. Li chwazi w pou l te fè w wè Kris la, sila a ki mache dwat devan l lan epi pou fè w tande pawòl ki soti nan bouch Kris la tou. 15 Paske se ou k ap rann temwanyaj pou li devan tout moun. W ap gen pou w rakonte yo sa w wè ak sa w tande. 16 Kounye a, kisa w ap tann ankò? Leve non, resevwa batèm. Mete konfyans ou nan Kris la[c] pou peche w yo kapab lave.
Copyright © 2017 by Bible League International