Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 110 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 3:1-12' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 4:11-17

Se pa ou menm ki jij la

11 Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa. 12 Se sèl Bondye ki bay lalwa epi se li sèl ki jij. Se Bondye sèl ki kapab delivre oubyen touye. Ou menm, kisa w ye, ou menm k ap jije pwochen w lan?

Kite Bondye planifye lavi w

13 Kounye a, fè atansyon, ou menm k ap di: “Jodi a oubyen demen, nou pral nan tèl ou tèl vil, n ap rete la en an. Nou pral fè kòmès, nou pral fè kòb.” 14 Poutan, ou pa menm konnen sa k ap rive demen. Lavi w, se menm jan ak yon ti nyaj. Li parèt pou yo ti tan, apre sa, li disparèt. 15 Okontrè, ou ta dwe di: “Si Senyè a vle, n ap viv epi n ap fè sa oubyen sa.” 16 Poutan, ou ògeye, ou pretansye. Lè w ap lwanje tèt ou konsa, se pa bon ditou. 17 Lè yon moun konnen sa ki byen pou l fè a, epi li pa fè l, sa se yon peche li komèt.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International