Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 85:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 85:8-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Oze 6:1-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Tesalonisyen 1:2-10

Lavi ak lafwa kretyen Tesalonik yo

Nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou legliz Tesalonik lan. Nou toujou leve tout frè ak sè yo nan lapriyè devan Bondye Papa a. Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.

Frè m ak sè m yo, nou konnen Bondye renmen nou paske se li menm ki chwazi nou. Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa konsa pou byen ou menm. Epi ou te swiv egzanp nou, menm jan ou swiv egzanp Senyè a tou, lè ou te aksepte mesaj la ak kè kontan nan mitan gwo soufrans. Se Sentespri a menm ki te ba w kè kontan sa a.

Rezilta a se lè ou menm tou, frè m ak sè m yo, ou vin sèvi yon modèl pou tout frè ak sè nan Kris k ap viv nan Masedwàn ak nan Akayi. Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò. Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. 10 Konsa nou te vin konnen Jezi, limenm ki delivre nou anba jijman ki gen pou vini an. Nou kwè Bondye te fè Jezi, Pitit li a, soti vivan pami mò yo epi nou vin gen espwa l ap retounen soti nan syèl la pou l vin sove nou.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International