Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Babilòn detwi nèt
18 Apre sa, m wè yon lòt anj desann soti nan syèl la. Anj sa a te gen anpil pouvwa. Laglwa anj sa a te klere latè byen klere. 2 Anj lan t ap rele byen fò:
“Li kraze!
Gwo lavil Babilòn nan kraze!
Li vin tounen kay tout demon yo.
Lavil la vin tounen yon kote tout move lespri yo rete.
Se yon kote tout kalite zwazo ki pa pwòp yo rete.
Se yon kote tout vye bèt ki pa pwòp ak bèt moun rayi rete.
3 Tout pèp sou latè bwè nan diven an,
diven peche seksyèl la, ansanm ak kolè Bondye a.
Wa ki sou latè yo fè peche seksyèl avèk li,
machann yo ki nan mond lan tou,
yo vin rich avèk anpil richès yo jwenn nan gwo lavil la.”
4 Mwen tande yon lòt vwa ki soti nan syèl la. Li di:
“Pèp mwen, soti nan vil la,
pou w pa patisipe nan peche l yo.
Lè sa a, ou p ap pase anba pinisyon tèrib k ap vin pou li.
5 Peche lavil la fè pil monte rive nan syèl la.
Bondye pa bliye move zak li yo.
6 Trete lavil sa a menm jan l te trete lòt yo.
Remèt li de fwa lavalè sa l te fè.
Mete nan gode pou li yon diven ki de fwa pi fò
pase diven li te bay lòt yo.
7 Li te renmen laglwa ak richès anpil.
Ba l menm kantite a nan soufrans ak nan dèy.
Li t ap di nan kè li:
M chita sou fotèy rèn mwen.
Mwen pa yon vèv;
m p ap janm an dèy.
8 Se poutèt sa, nan yon sèl jou, li pral soufri
yon grangou rèd, dèy ak lanmò.
Se nan dife l ap fini,
paske Senyè Bondye ki jije l la gen anpil puisans.”
9 Wa sou latè yo ki t ap fè peche seksyèl avè l yo epi ki t ap pwofite richès li yo, yo va wè lafimen vil la k ap boule. Yo gen pou yo kriye epi y ap pran dèy poutèt lavil la. 10 Wa yo ap kanpe lwen, nan lapèrèz, poutèt soufrans vil la. Yo va di:
“Elas! Elas, gwo vil la,
o Babilòn, vil ki te gen anpil pouvwa a!
Nan inèd tan sèlman,
ou jwenn jijman w!”
Copyright © 2017 by Bible League International