Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pèp Bondye a ap chante yon chan nouvo
14 Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an, li te kanpe sou Mòn Siyon an.[a] Te gen 144,000 moun avèk li. Yo tout te gen non l ak non papa l ekri sou fon yo.
2 Epi m tande yon gwo bri soti nan syèl la, yon bri tankou bri gwo inondasyon dlo k ap desann ansanm ak gwo kout loray. Men bri sa a te fè m sonje yon bann moun ki konn jwe gita, ki t ap jwe. 3 Pèp la t ap chante yon chan nouvo devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ansanm ak granmoun yo. Moun ki te ka aprann chan nouvo sa a se 144,000 moun sa yo sèlman, moun yo te rachte sou latè yo. Pa gen pyès lòt moun ankò ki te ka aprann li.
4 Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an. 5 Yo se moun ki pa janm bay manti: yo san fot.
Twa anj yo
6 Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. 7 Anj lan t ap rele byen fò: “Se pou n gen krentif pou Bondye, ba li glwa, paske lè a rive pou Bondye jije tout nasyon yo. Adore Bondye, li menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak sous dlo yo.”
8 Yon dezyèm anj vini apre premye a, li t ap rele byen fò: “Li kraze! Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan! Li te fè tout nasyon yo bwè nan diven peche seksyèl sovaj li a.”
9 Yon twazyèm zanj parèt apre de premye yo. Li di byen fò: “Si yon moun adore bèt la ak estati zidòl li a, si yon moun resevwa mak li sou fon l oubyen sou men l, 10 li menm tou l ap bwè nan gode diven san melanj kòlè Bondye a. Moun konsa va soufri anpil nan toumant dife, devan anj ki apa pou Bondye yo ak devan Ti Mouton an tou! 11 Dife k ap toumante yo a ap bay yon lafimen pou tout tan gen tan. P ap gen okenn repo, lajounen kou lannuit, pou moun sa yo ki adore bèt la ak zidòl li a oubyen ki te pote mak non bèt la.”
Copyright © 2017 by Bible League International