Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 123 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jij 2:6-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 16:1-7

Koup yo ki plen ak kòlè Bondye a

16 Apre sa m tande yon vwa byen fò nan tanp lan. Li di sèt anj yo konsa: “Al vide sèt koup kòlè Bondye yo sou latè.”

Premye a pati, l al vide koup li a sou latè. Tout moun ki te gen mak bèt la epi ki t ap adore zidòl li a te pran nan yon move maleng ki t ap fè yo soufri anpil.

Dezyèm anj lan vide koup pa l la sou lanmè a. Lè sa a, lanmè a vin tounen san, menm jan ak san yon moun mouri epi tout bèt nan lanmè a te mouri.

Twazyèm anj lan vide koup pa l la nan gwo larivyè yo ak nan sous dlo yo. Yo vin tounen san. Lè sa a, m tande anj ki responsab dlo yo di Bondye konsa:

“Ou menm ki la, ki te toujou la, ou menm ki sen,
    ou jis vre, pou fason ou fè jijman w yo.
Paske moun yo te fè san koule,
    san moun ki apa pou yo ansanm ak pwofèt ou yo.
Kounye a ou ba yo san pou yo bwè.
    Se sa yo merite.”

Epi m tande lotèl la di:

“Wi, Senyè Bondye toupuisan an,
    jijman w yo fèt ak jistis epi yo dwat.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International