Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
20 Frè m ak sè m yo, pa reflechi tankou timoun. Si se mal ki parèt devan nou, se pou nou inosan tankou timoun, men nou dwe reflechi tankou granmoun. 21 Men sa ki ekri nan Bib la[a]:
“M ap sèvi ak moun ki pale yon lòt lang
epi map sèvi ak bouch moun etranje
pou m pale ak moun sa yo,
menm lè sa a, yo p ap koute m.”[b]
Se Senyè a menm ki di sa.
22 Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè. 23 Ann sipoze gen yon reyinyon legliz la epi tout moun pran pale an lang. Si yon moun ki pa nan gwoup oswa ki pa kwè vin antre, èske l p ap panse nou fou? 24 Men an n sipoze se pwofetize nou tout t ap pwofetize, epi gen moun ki pa gen konprann oswa ki pa kwè ki antre nan reyinyon an. Pawòl ki ap di yo ap fè peche l vin parèt jan l ye a devan l. 25 Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.”[c]
Copyright © 2017 by Bible League International