Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jezi gen pou l retounen
13 Nou pa ta vle pou n nan lapenn konsènan moun sa yo ki mouri deja, pou ou pa aflije menm jan ak sila yo ki pa gen okenn espwa. 14 Nou kwè Jezi te mouri, men nou kwè tou li te resisite. Konsa nou kwè Bondye ap resisite, pa mwayen Jezi, sila yo ki te gen konfyans nan li epi ki te mouri, l ap rasanble yo pou yo ansanm avè l.
15 Mesaj nou pote ba ou a, se Senyè a ki voye l. Nou menm ki vivan toujou lè Jezi retounen, nou p ap pran devan sa yo ki gentan mouri. 16 Gen yon sinyal k ap bay, y ap tande vwa youn nan chèf anj yo, twonpèt Bondye ap sonnen, epi Senyè a li menm ap desann sòti nan syèl la epi sa yo ki te mouri nan Kris ap leve pami mò yo. 17 Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, n ap rasanble ak moun ki te mouri yo, pou n monte al rankontre Senyè a nan nyaj yo. Konsa, n ap toujou ansanm ak Senyè a. 18 Sèvi ak pawòl sa yo pou nou ankouraje youn lòt.
Parabòl dis jèn fi yo
25 Nan jou sa a, wayòm Bondye a ap tankou dis demwazèldonè ki te dwe al rankontre mesye marye a ak lanp yo pou yo ka klere chemen pwosesyon an pou li. 2 Senk ladan yo se te tèt cho, lòt senk yo te gen tèt yo anplas. 3 Medam tèt cho pran lanp yo se vre, men yo pa t pran pyès gaz rezèv. 4 Lòt senk medam yo, non sèlman yo te pote lanp, men yo te pote boutèy gaz yo tou. 5 Kòm mesye marye a pran tan pou rive, medam yo vin kagou epi yon ti dòmi vòlè yo.
6 A minwi, gen yon vwa ki anonse byen fò: Men mesye marye ap vini! Soti vin rankontre l.
7 Lè sa a tout medam yo reveye, epi yo kòmanse prepare lanp yo. 8 Kounye a, medam tèt cho yo di lòt medam yo: Ban nou ti gaz tanpri, lanp nou yo ap mouri!
9 Medam ki te gen tèt anplas yo reponn: Non, gaz nou genyen p ap ase pou nou tout. Al achte nan men machann yo.
10 Pandan medam tèt cho yo sou wout pou y al achte gaz, mesye marye a rive. Medam ki te pare yo antre nan sal bankè nòs la. Apre sa, yon responsab fèmen pòt la.
11 Lè lòt medam ki t al achte gaz yo retounen, yo kòmanse sipliye mesye marye a pou ouvri pou yo: Senyè, SENYÈ, ouvri pou nou!
12 Men li reponn yo: An verite, m pa konnen nou!
13 Konsa, nou dwe toujou pare, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè Pitit Lòm nan ap retounen.
Copyright © 2017 by Bible League International