Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
39 Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen. 40 Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl.
41 Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen. 42 Mwen konnen nou. Mwen konnen nou pa renmen Bondye. 43 Mwen vini soti bò kote Papa m epi mwen pale nan non li. Malgre tout sa, nou pa aksepte m. Epi lè lòt moun vini pale pou pwòp tèt yo, nou aksepte yo san pwoblèm. 44 Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè? 45 Pa mete nan tèt nou se mwen ki pral kanpe devan Papa Bondye pou m akize nou. Se Moyiz k ap akize nou. Epi se li nou te panse ki t ap sove nou. 46 Si nou te kwè nan Moyiz vrèman, nou t ap kwè nan mwen, paske li ekri pou pale de mwen. 47 Men, nou pa kwè sa li te ekri. Konsa, nou pa kapab kwè sa m ap di.”
Copyright © 2017 by Bible League International