Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
7 Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w. 8 Sa vle di, se pou w anseye yon fason ki dwat epi byen klè, pou moun pa jwenn chans kritike ansèyman w. Konsa, tout moun ki kont nou yo va wont, paske yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.
11 Se konsa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun. 12 Gras Bondye aprann nou pou nou pa viv nan opozisyon kont Bondye epi pou nou refize viv dapre dezi nou genyen pou n ta swiv move bagay ki nan mond lan. Se pou nou panse byen sou jan n ap viv nan mond lan jodi a, pou nou fè sa ki dwat epi pou nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye. 13 Se konsa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt. 14 Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.
15 Se konsa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!
Copyright © 2017 by Bible League International