Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 63:1-8' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Resansman 13:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Resansman 13:17-14:9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 17:22-27

Jezi pale sou lanmò li

(Mak 9:30-32; Lik 9:43b-45)

22 Pandan disip yo te reyini ansanm nan rejyon Galile a, Jezi di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. 23 Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a, li gen pou l resisite.” Lè disip yo tande sa, yo te vin tris anpil.

Jezi pale sou koze peye taks

24 Jezi ak disip li yo ale lavil Kapènawòm. Lè yo rive la, pèseptè k ap ranmase lajan taks pou tanp la pwoche bò kote Pyè, epi yo mande l: “Èske Mèt ou a p ap peye lajan taks tanp la?”

25 Pyè reponn: “Sètènman, l ap peye l!”

Epi Pyè antre anndan kay kote Jezi te ye a. Anvan menm Pyè kòmanse pale, Jezi di li: “Lè wa sou latè fikse tout kalite taks, kilès ou panse ki gen pou peye yo, Simon, pitit wa a osinon lòt sitwayen?”

26 Pyè reponn li: “Se lòt sitwayen yo ki dwe peye!” Jezi di: “Se vre, pitit wa yo pa bezwen peye anyen.” 27 Men pou evite tout tèt chaje, desann bò lak la pou al peche. Gade nan bouch premye pwason ou pran an, w ap jwenn dekwa pou peye ni pou ou ni pou mwen.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International