Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 97 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 17:7-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 6:25-35

Jezi, pen lavi a

25 Pèp la jwenn Jezi sou lòtbò lak la. Yo mande li: “Mèt, depi ki lè ou vin isit la?”

26 Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen. 27 Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”

28 Pèp la mande Jezi: “Alò, Ki zèv Bondye mande nou fè, pou l ka voye Pitit Lòm nan pou ban nou manje sa a?”

29 Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”

30 Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè? 31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.”[a]

32 Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. 33 Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”

34 Moun yo di konsa: “Mesye, toujou ban nou pen sa a.”

35 Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International