Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 97 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Egzòd 33:1-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Filipyen 3:13-4:1

13 Frè m ak sè m yo, m pa konsidere mwen gentan rive deja. Men gen yon bagay mwen fè: Mwen bliye sa ki dèyè m epi m ap vanse pou m atenn objektif la. 14 Mwen kontinye ap kouri pou m ka rive resevwa rekonpans Bondye pwomèt nan Kris la, anwo nan syèl la.

15 Se pou nou tout ki vin byen devlope nan Kris la panse konsa. Si nou pa wè l konsa, Bondye va fè sa klè pou nou. 16 Sèlman, an nou kontinye ale ansanm sou menm chemen sa a.

17 Frè m ak sè m yo, mete tèt nou ansanm ak lòt yo pou n swiv egzanp mwen. Menm jan an tou, gade byen sou moun k ap viv selon modèl ki nan nou menm nan. 18 Paske, jan mwen te di sa plizyè fwa deja, epi kounye a se ak dlo nan je m m ap di l ankò. Gen anpil moun k ap viv tankou lènmi kwa Kris la. 19 Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè. 20 Men nou menm, se moun syèl la nou ye. Se la Jezikri Senyè a, Sovè n ap tann nan ap soti. 21 Li gen pou li chanje vye kò feblès nou yo, pou li fè yo vin menm jan ak kò glorifye li genyen an. Kris va fè sa ak pouvwa li genyen pou l gouvène tout bagay.

Kèk bagay nou dwe fè

Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International