Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
14 Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye. 15 Fè sa pou nou ka pwòp, pou nou ka san repwòch, pou nou ka sanble pitit Bondye pèsonn pa ka akize pou di yo fè sa ki mal pandan y ap viv nan mitan yon jenerasyon moun ki kòwonpi epi ki pèvèti. Se pou nou klere nan mitan yo tankou limyè nan fènwa. 16 Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.
17 Menmsi m ta dwe bay lavi m sou yon lotèl, menmsi m ta dwe ofri sakrifis sèvis lafwa mwen mande bay Bondye, m ap kontan, kontan ak nou tout. 18 Konsa tou, nou ta dwe kontan epi pataje lajwa nou avè m.
Kris pi empòtan pase tout bagay
3 Kounye a, frè m ak sè m yo, se pou n fè kè n kontan nan Senyè a. Se pa yon pwoblèm pou mwen pou m ta kontinye ekri nou menm bagay yo. Li bon pou nou.
2 Veye kò nou ak chyen yo! Veye kò nou ak moun k ap fè move bagay. Veye kò nou ak moun ki ta vle sikonsi tout moun. 3 Paske lè nou byen gade epi lè nou byen reflechi, nan yon sans espirityèl se nou menm ki sikonsi, nou menm k ap adore Bondye selon Sentespri a. Nou pa mete konfyans nou ni nan tèt nou ni nan sa nou fè, men nou ka santi n fyè dèske se nan Jezikri nou mete konfyans nou. 4 Poutan, m ta gen anpil rezon pou m ta mete konfyans mwen nan tèt mwen. Si yon moun kwè li gen rezon pou l kwè nan tèt li, enben mwen gen plis rezon pase l toujou.
Copyright © 2017 by Bible League International