Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 77 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Neemi 9:9-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 14:13-15:2

Pa lakoz moun fè peche

13 Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal. 14 M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.

15 Si w deside manje yon manje ki fè frè w oubyen sè w mal ou p ap viv selon lanmou. Pa detwi lafwa yon moun poutèt yon manje! Kris te mouri poutèt moun sa a. 16 Pa kite sa w panse ki bon pou ou tounen yon rezon pou fè moun kritike w. 17 Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a. 18 Moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, l ap fè Bondye plezi epi tout moun ap respekte l.

19 An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou. 20 An n pa kite yon manje detwi travay Bondye. Tout manje bon devan Bondye, men li pa bon pou yon moun manje yon bagay ki fè yon lòt moun peche. 21 Sa ki byen, se pou n pa ta manje vyann, pa bwè diven, pa sèvi ak anyen ki ka fè frè ak sè nou yo peche.

22 Egzamine konviksyon w yo nan kè w sou bagay sa yo devan Bondye. Se yon benediksyon pou moun ki ka fè sa l kwè ki dwat, san l pa santi l koupab. 23 Men, si yon moun gen dout sou sa l ap manje, li tou kondane, paske li pa aji selon lafwa li. Paske tout sa yon moun fè ki pa soti nan yon konviksyon lafwa bay, se yon peche.

15 Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi. Se pou nou chak ap chache fè pwochen nou plezi nan fè sa ki byen, pou yo ka grandi pou vini pi fò nan lafwa yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International