Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Renmen pwochen w, se sa ki lalwa
8 Nou pa dwe gen dèt anvè pèsòn, sèl dèt pou nou genyen se pou nou youn renmen lòt. Yon moun ki renmen pwochen l, li fè tout sa Lalwa mande. 9 Lalwa di: “Pa komèt adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa pote lanvi sou bagay moun.”[a] Kòmannman sa yo ak tout lòt yo, yo anndan yon sèl: “Renmen pwochen[b] w menm jan w renmen pwòp tèt ou!”[c] 10 Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.
11 Nou konnen nan ki tan n ap viv kounye a: Se lè pou n pa dòmi! Jou delivrans nou an pi pre kounye a pase lè nou te fenk kwè. 12 Nuit lan prèske fini. Li prèske jou. Alò, nou dwe sispann fè zèv yo fè nan fènwa yo. Nou dwe prepare nou pou n konbat sa ki mal ak zam limyè yo. 13 Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi. 14 Men, se pou n abiye nou ak Jezikri, Senyè nou an. Epi, pa chache reflechi sou kijan pou n satisfè dezi feblès lachè nou.
Korije moun ki fè sa ki mal
(Lik 17:3)
15 Si yon frè fè w[a] yon bagay ki pa bon, jwenn ade avè l pou montre l sa l fè ki mal la. Si l koute w, relasyon w avèk frè w la retabli. 16 Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.[b] 17 Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon.
18 Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.[c] 19 M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l. 20 Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International